Bal

Arly Lariviere akize T-Vice kòm yon djaz malonèt (Audio)

MIAMI, FL – Pou gran ouvèti nouvo club 1st KLASS CAFE ki lokalize nan Pembroke Pines ki nan menm lokasyon kote ansyen Marabou Cafe te ye a, T-Vice avèk NU LOOK te jwe Samedi ki te 12 Avril, 2014 la.

Yonn nan pi gro pwoblèm HMI la se pwomotè ki pa kowòdone evènman yo lè gen 2 djaz k’ap jwe, e gen pafwa yon seri de djaz toujou mete nan tèt yo ke yo ap jwe an 2èm yo pa al nan klarifye si yo gen pou yo jwe an premye oubyen an 2èm. T-Vice avèk Nu Look te gen pou jwe daprè sous nou, T-Vice ki pa te Miami yo te al jwe Philadelphia yo rive Miami byen ta, se lè yo ateri yo aprann ke se yo k’ap jwe an premye, Mesye T-Vice yo pa te trò kontan de sa, men yo jwe kanmenm lè yo fin jwe pou yo remèt Nu Look stage lan, daprè sous nou, kan T-Vice la de konekte tout kè kab aparèy, menm opalè yo fèmen, e yo menm etèn limyè sou stage la. Se konsa kan T-Vice la te jere fistrasyon yo samdi swa ki sot pase la.

Arly Lariviere

Pa gen anyen ki di se Roberto ou byen Ronaldo ki fè li, men akòz se te T-Vice ki te sou stage lan ebyen tout tò a soti sou yo. Lè Nu Look monte sou stage lan te gen kèk aparèy ki te fèmen, sa vin lakoz NU Look pran anpil tan pou li kòmanse se jwe, e yo pa te tro byen sonnen

Yonn nan rezon ki fè T-Vice parèt trè antò, se pa premye fwa T-Vice fin jwe avan epi lòt djaz ki monte an 2èm nan jwenn aparèy fèmen, Kab deploge. Klass te sibi menm zak malonèt sa apre T-Vice te fin jwe an premye nan Vault Cafe nan fen semèn Labor Day ane pase nan New York.

KOUTE SA ARLY DI:
[soundcloud url=”https://api.soundcloud.com/tracks/144670399″ params=”color=ff5500&auto_play=false&hide_related=false&show_artwork=true” width=”100%” height=”166″ iframe=”true” /]

ME SA ARLY DI: Fanatik mizik, fanatik konpa mwen pa konn sa ki fèt la, moun nan ki responsab la li trè malonèt, m’ pap lage’l sou do pèsòn, men moun ki reponsab sa li trè malonèt, pou yon djaz fin jwe pou’l fèmen tout power yo nèt, Francis mèsi bokou, Francis mèsi boukou, se Francis la ki fèt monte power yo la ki fè nou jwenn son sa, nou pral lage, nou pral lage, si’n konprann se kon sa, se avi kon sa n’ap mennen konpa dirèk piro, mesye bravo, bravo, bravo. Nou Nu Look, nou toujou motive, tèt dwat, tèt dwat, tèt dwat, fanatik konpa, fanatik Nu Look nou pap gade dèyè menm, menm, menm…

17 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top