Crime

Yo bare yon Ayisyen nan fè kadejak sou yon fi nan West Palm Beach

WEST PALM BEACH, FL – Wanerson Jean, ki gen 24 ane sou tèt li te antre andedan kay yon fi pou li te ka vyole li. Men chans pou fi an te gen 2 jèn gason ki t’ap pase ki tande dam nan t’ap rele sekou, yo te arive anpeche Wanerson sove, e yo te kenbe li, jiskaske polis te vini.

Daprè jèn fi an, li fè konprann, li te tande yon moun ki te frape pòt li Vandredi swa, lè li ouvè pòt lan, Wanerson fòse antre andedan kay fi an, li atake fi an, ba li yon kalòt, chire rad ki te sou fi an, epi li fòse fi an fè Oral sex sou li. Jèn fi an te rive nan yon pwen kote li te di misye ke li swaf, li te pran li mennen li nan twalèt lan, pran dlo avèk yon gode voye sou li, epi fose li kontinye fè oral sex sou li ankò.

LI ATIK SA TOU: Haiti : American Airlines sans escale de Miami à Cap-Haitien

W-Jean

Wanerson fè polis konprann apre, li te wè li t’ap eseye vyole yon fi, tou den kou li reyalize l’ap vyole fi an tout bon vre, se lè sa li kanpe, e se menm lè sa fi an tou pran okazyon pou li te ka sove. Fi an menm tou di yon mesye ki t’ap fè gazon lakou li an sa ki rive li. Pandan se tan, 2 lòt mesye ki te wè fi an ap kouri, ap kriye, gen yon mesye k’ap eseye pou vyole li andedan kay li. Se lè sa yonn nan mesye yo wè Wanerson t’ap eseye pou sove, yo kouri antre andedan pouse Wanerson sou sofa, yo te kenbe li la jiskaske polis te rive.

Wanerson te bay yonn nan mesye ki te kenbe li an yon kout tèt, gen yonn nan mesye yo ki ba li yon kout pwen nan bouch. Wanerson t’ap plede di sa se men pou li tire, epi li fè polis konnen li t’ap goumen avek fòs ki nan tèt li yo.

Wasnerson fè konnen se te djab ki nan tèt li an ki te di’l pou li te pran sa ki pou li an, daprè sa ki ekri nan ripòt polislan.

READ THIS ARTICLE ON WEST PALM BEACH POST

SOURCE: West Palm Beach Post
anmwe.com

6 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top