Haiti

Premye minis Laurent Lamonthe asire pèp Haitien kont Ebola

SOCIAL MEDIA – Nan yon pos ki te pibliye sou paj Facebook premye minis Laurent Lamonthe la le 21 Oktòb, li asire popilasyon an ke Haiti prè e pran tout mezi ki nesesè pou anpeche viris Ebola, “Nous assurons la population que Haïti est prêt et prend toutes les mesures nécessaires pour empêcher le virus d’Ebola.”

lamonthe

Lè ou ap pale de Haiti, ou di Prè e an mezi nesesè pou anpeche yon virus, sa vrèman pa tro chita byen. Si nou raple nou byen de maladi Kolera kote anpil moun pedi lavi yo. Malgre sa gen te gen anpil fason pou yon moun te ka pwoteje tèt yo kont kolera. Depi moun nan te lave men yo, bouyi dlo, vide yon ti gout kloròks nan dlo ou pral sèvi, etc…, tout bagay senp sa yo te ka sove lavi, magre sa anpil moun te mouri, e jis ka mentnan gen moun k’ap mouri de kolera an Haiti. Depi moun nan ki te gen kolera te pran seròm ak lòt remèd a lè, li gen anpil chans pou li te geri.

Men si nou gade Ebola, lè yon moun atrape li, li gen 70 pou san chans pou li mouri, chak jou moun nan pase san li pa jwenn swen se mwens chans li gen pou li viv. Kesyon an eske Haiti vrèman prè e an mezi pou li anpeche viris ebola.

An nou gade si yon moun gen viris Ebola ta rive an Haiti, ak konbyen de vitès l’ap epapiye li. Premye fason, mòd de transpòtasyon Haiti genyen, kote moun sou moun. Avèk Ebola ki ka transmèt ak likid kò moun, tankou lasyè, krache, etc… Depi yon moun kole ak yon moun ki gen Ebola li gen chan pou li pran li. Anbrase yon moun, bay yon moun lamen, ase pou ebola pase de yon moun a yon lòt moun. Alò, se ki moun k’ap ka epanye sou rout moun sa a. Manman, Papa, pitit, vwazen, kamarad lekòl tout ap pran li. Lè moun sa yo tonbe malad doktè, oksilyè, enfimyè, lòt maladi nan lopital ap pran li. Diran se tan tout yon zòn deja enfekte.

Post ki te pi bliye sou paj Facebook Laurent Lamonthe la pou 21 Oktòb 2014

Post ki te pi bliye sou paj Facebook Laurent Lamonthe la pou 21 Oktòb 2014

Anplis lè moun vin aprann Ebola an Haiti, lopital pap vle pran ankenn moun ki gen menm yon ti fyèv menm. Tout Haiti pral nan panik. Pou di Haiti prè, men eske gouvènman kòmanse edike moun yo sou ebola, eske yo konn sentom yo, eske yo konnen ki sa pou yo fè si yon moun nan fanmiy yo genyen maladi sa a.

Nou k’ap imajine si yon bagay kon sa rive an Haiti nan ki dezas n’ap ye. Alò pou yon moun ekri ke Haiti prè e an mezi nesesè pou anpeche viris ebola, li parèt trè iresponsab. Fò moun sa konnen, lè moun apèn gen Ebola ou p’ap konnen, e fò moun nan konnen ki sentom viris lan, pou li ka tcheke tèt li nan yon lopital. Se ki sant yo kreye nan peyi an, ki la sou plas pou si sa ta va rive. Eske pwofesyonèl sant sante medical yo, pran fòmasyon sou Ebola, pou yo menm ka detekte lè yon moun gen viris lan. Kouman pou pwoteje tèt pa yo, e ki jan pou yo pwoteje lòt pasyan yo ki nan sant lan. Moun sa ki ekri pos sa, dwe al aprann de ebola, e kouman viris sa ka destabilize tout yon peyi. Menm peyi tan kou Kiba, ki plen doktè lakay li, e ki voye plis ke 400 doktè an Afrik pap di sa ki ekri sou paj premye Minis Lamonthe lan.

Ebola se yon machin lanmò li ye, depi gen yon moun ki enfekte nan yon zòn ebyen se ravaje l’ap ravaje zòn nan, si tou nan peyi tankou Haiti, kote pa gen ase lopital pou popilasyon an, si’w pa gen lajan ou p’ap ka wè yon doktè, e anplis pa gen strikti pou elwanye moun sa de rès piblik lan.

Gen anpil chans pou pos sa, pa te ekri pa premye minis Lamonthe, men li nesesè li aprann ki sa moun k’ap jere paj sa pou li an ap pibliye sou non li.

1 Comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top