Featured

POLITOUR: nouvo kò polis pou pwoteje vwayajè ak touris pou konbat bandi sou moto alantou Ayeròpo Toussaint Louverture

PORT-AU-PRINCE, Haiti – Yon nouvo kò polis ki rele “POLITOUR” fòme pou k’ap proteje touris ak vwayajè nan ayeropò Toussaint Louverture. Apre plizyè mwa ki sot pase la, vòlè sou motosiklèt alantou ayeropò Toussaint Louverture an te fin debòde nan rale zam sou dyaspora k’ap antre nan peyi an pou al wè fanmiy ak zanmi yo.

politour2

Te arive gen plizyè dyaspora ki te pedi lavi yo, apre yo te tonbe viktim anba men bandi sa yo. 25 Juillet ki sot pase la Myriam Saint Germain, ki te soti Boston pou li t’al wè fanmiy li nan Okay te arive pedi lavi li anba men bandi sou motosiklèt apòn li te rive Port-au-Prince. Avan sa yon lòt Dyaspora ki te soti New York te pedi lavi li nan menm si konstans sa, li te gen pou li t’ale nan au Borgne. Pou kanaval des Fleurs lan, yon dyasporra ki te soti Miami, te pran yon taxi, nan rout bandi sou moto sa yo te rale zam sou li e pran tout sa li te pote sou li. Se kèk nan ka ki te rive dyaspora apre yo te rive nan Port-au-Prince

LI ATIK SA TOU: Danje pou diaspora ki gen pou antre an Haiti

POLITOUR

Canada te pibliye yon Avis pou te k’ap fè sitwayen li yo konnen pou yo pran anpil atansyon alantou Ayeropò Toussaint Louverture an pou bandi sa yo. Ou Si ou gen pou antre an Haiti, li enpòtan ou pran tout prekosyon ki posib pou sekirite ou. Asire’w avan ou ale ou gen moun k’ap vin jwenn avèk ou. Fè atansyon avèk taxi ou gen pou monte an. Li toujou bon pou kontinye ap siveye pou wè si gen yon moto k’ap swiv ou.

Premye promosyon polis touris yo, gradye Vandredi ki sot pase la. Genyen 52 antou. Kò polis sa rele “Politour”. Yo la pou yo pwoteje vwayajè alantou ayeropò an, e sèvi touris yo. Yo ka pale plizyè lang, kòmanse sou kreyòl, fansè, espanyòl avèk anglè, se yon fason pou yo k’ap ede touris ki k’ap gen bezwen.

anmwe.com

8 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top