Beauty

Miss Haiti 2014 Carolyn Desert bay demisyon li apre ministere tourisme ak komite Miss Haiti lage li nan Bolivi pou kont li

Bonjour… Se domaj ke se pa eksitasyon selman m’ap pataje avèk nou maten an. Men veksasyon sa fò’m pataje’l piblikman. Maten an mwen ofisyèlman koupe kontra mwen ak komite Miss Haiti ak tout Minister du Tourisme. Depi lè’m genyen an se mwen ki ap fè tout monte desann. Peye rad pou sessikn foto, depanse nan spò pou kenbe silwèt, ale nan la près ak pwòp machinn mwen, pwòp gaz mwen, pa gen pwoblèm paske se peyi’m m’ap voye monte menm lè sa ap fè’m razè. Chak fwa mwen di komite yo mwen jwenn X, Y ou Z yo di ok pa gen pwoblèm.

Depi se yon bagay pa kòb se tankou en hen ok. Yo pa janm chita avè’m di’m sa yo genyen sa yo pa genyen men yo te trè klè ke yo gen dete ak pwoblèm pou yo jwenn sponsor. Mwen menm ki wè jou ap pase mwen pran devan e mwen ekri lèt sponsor mwen ak komanse yon leve de fon pou’m ka asure’m tout bagay byen. Se lè sa je tout moun vinn kale ap dim o, o, o… non lè ou tounen sot Bolivi tout bagay ap regle. Donk mwen desann leve de fonds ann e pa itilize yon goud ladan’l byen ke depans mwen gentan monte plis ke 800 dola US. Machin mwen genyen an, jiska prezan si yo banm li se jodia, mwen kontakte dame en chak sujet sa li inyore’m, klèman paske mwen ka wè sa sou whatsapp.

Miss-Haiti-2014

[su_button url=”http://www.news.anmwe.com/bahamas-ap-depote-ti-haitien-ki-fet-sou-te-yo/” background=”#ef362d” size=”6″ radius=”5″ icon=”icon: arrow-right” text_shadow=”1px 1px 1px #000000″ rel=”Yon nèg peze kou yon fanm li jwenn sou entènèt lan paske li pa rezanble foto pwofil li”]AL LI ATIK SA TOU[/su_button] Bahamas ap depòte ti Haitien ki fèt sou tè yo an (VIDEO)

Peu de choz.. machinn lan p’ap ede’m reprezante peyi a, men se pam li ye, “i earned it”. Kounye an nan Lundi mwen vin aprann ke nan Dimanch mwen pral an Bolivi. Ankò une fwa monte desann se mwen kap fe li. lè yon manm komite a anonse’m ke fòk mwen al wè yon Designer pou kostim nasyonal la mwen te gentan pran randevou avè’l mwen menm, e se sou chans yo wè designer a pandan li te nan yon reyinion minste du tourism tankou : “o, o… j’ai besoin de toi oui” komsi an pasan. Mwen voye yo lis tout sam bezwen.. yo pa reponn. Nan vandredi mwen di yo anko sa map bezwen yo reponn mwen ke yo pap kapab paske yo pral nan lanmè pou le long weekend lol a 3h du matin Samedi strès anvayi’m lè’m reyalize valè bagay mwen gen pou’m fè.

Mwen voye yon email treè strik di yo ke si yo p’ap ede’m konnen ke mwen pral avili yo. Yo pè media maos yo pa fè krik pou evite, yo avili yo. Se lè sa yo reponn mwen ” what exactly do you need” tankou si menm li yo pa li email la anvan mwen. mwen re ekri tout bagay, se lè sa yo gentan di’m y’ap voye chofè fè X Y ou Z (te gen chofe depi tout tan sa epi yo kite’m ap bat kòm) e ke oui.. blah e blah.. yo ede’m nan Samedi. Mwen te di yo ke mwen pa konsidere ke mwen gen yon komite men yon group fanm san oganizasyon kap eseye rele tèt yo on komite. Sa te vekse yonn nan yo an patikilye. Lè li finn fè 5 bagay pou mwen pou jounen an li rele’m pou’l liste sa li te fè pou mwen inkli lesiv mwen ke mwen pat gentan fè. Mwen remèsye li, li di’m non se pa la penn.. li reliste sa li fè pou mwen ankò tankou se pou’m te bat bravo ke li ede’m. Se mwen ki fè aranjman pou mwen ale ayewopo etc.. brèf.

Carolyn-Desert1

Rive Bolivi menm yon eske’w byen rive yo pa voye pou mwen. Apre 8 jou mwen voye yo yon email pou di yo ke se sou chans mwen pati san mwen pa peye bagaj paske yo edem Ayiti. Men mwen pa kwè m’ap gen menm chans sa anko soti Bolivi. Mwen gen 3 malèt ak yon “carry on” paske costume lan pran anpil plas… yo reponn mwen mandem enfòmasyon sou tikè a, mwen bay li. Yo di’m ke Maryse ap pase chache’m ayewopo mwen di non mesi mwen gentan gen yon moun ki pran jounen an pousa ( kòm m’ te kwè yo tap fe menm jan a lè’m te ale a) men yo pa dim krik pou malèt yo. Vendredi mwen voye yo on lòt email pou di svp kòb mwen gen sou mwem an p’ap kont svp fait le necessaire. Yo pa dim ni krik ni krak. Maten an ke’m fin kontan finalis etc… rive ayewopo.. booooom…men bill ou “$344.18” . Mwen fe manmanm rele ayiti pou mande sa ki pase, dame lan di ke ministere te fè le necessaire… lè manmanm mande sa ki le necessaire. li di li pa konnen e ke a lè sa yo paka fe anyen pou mwen.

Donk, mwen pran swe nan yon fredi… strès monte’m e si’m rate avyon an se yon lot tike pou peye e pa gen jan pou voye malet yo apre. Donk m’oblije mande. Mande chak miss ki te avè’m yon kontribisyon apre mwen mete balans la sou yon kat san fon. mwen kriye telman mwen vekse. santi’m imilye. Donk mwen fè yo konnen ke mwen fini avèk yo, pagen bagay konsa paske se nan plis dezòd y’ap mete’m. Si pou mwen suiv yon kontra se pou yo menm tou yo swiv li e asime ròl yo. Kinpot si se pa yon travay peye.. Yo deside rele tèt yo komite miss Haiti e fòk yo asime wòl yo jan mwen menm masime wòl mwen. M’oblije mete sa piblikman paske yo gen dwa eseye retire kouròn la nan men mwen ak anpeche mwen ale nan konkou a londres lan. Men ki’l plèv ki’l grel .. mon nom est Carolyn Desert,je suis et resterai Miss Haiti 2014, 3eme finaliste de Miss RH et en route pour Londres. AYITI MWEN PAP LAGEW!!+

NOTE: Staff ANMWE modifye text sa lejèman, pa ekzanp nou mete aksan sou mo ki merite aksan, nou fòme paragraf. Si ou vle li orinal text desann pi ba

Source: Facebook, Miss Haiti 2014 Carolyn Desert fan page

Mesaj Miss Haiti Carolyn Desert sou Facebook

Mesaj Miss Haiti Carolyn Desert sou Facebook

ORINAL TEXT SOU PAJ FACEBOOK CAROLYN DESERT

Bonjour… se domaj ke se pa eksitasyon selman map pataje avek nou maten an. Men veksasyon sa fom patajel piblikman. Matin an mwen ofisyelman koupe kontra mwen ak komite Miss Haiti ak tout Minister du Tourisme. Depi lem genyen an se mwen ki ap fe tout monte desann.. peye rad pou sessikn foto, depanse nan spo pou kinbe silwet,ale nan presse ak prop machinn mwen.. prop gaz mwen… pa gen problem paske se peyim map voye monte menm le sa ap fem raze. Chak fwa mwen di komite yo mwen jwenn x y ou z yo di inhin ok.. pa gen prob.. depi se yon bagay pa kob se tankou inhin ok. Yo pa ja m chita avem dim sa yo genyen sa yo pa genyen men yo te tre kle ke yo gen dete ak problem pou jwenn sponsor. Mwen menm ki we jou ap pase mwen pran devan e mwen ekri let sponsor mwe ak komanse yon leve de fon poum ka asurem tout bagau byen. Se le sa je tout moun vinn kale ap dim oo non leu ou tounen bolivi tout bagay ap regle. Donk mwen desann leve de fonds ann e pa itilize yon goud ladanl byen ke depans mwen gentan monte plis ke 800 dola. Machinn mwen genyen an.. jiska prezan si yo banm li se jodia .. mwen kontakte dame en chak sujet sa li iyorem kleman paske mwen ka we sa sou whatsapp. Peu de choz.. machinn lan pap edem reprezante peyi a me se pam li ye… i earned it. Kounyen an nan lundi mwen vinn aprann ke nan dimanch mwen pral an bolivi.. anko une fwa monte desann se mwen kap fe li… le yon manm komite a anonsem ke fok mwen al we yon designer pou kostim nasyonal la mwen te gentan pran randevou avel mwen menm… e se sou chanse yo we designer a pandan li te nan yon reyinion minste du tourism tankou : “oo jai besoin de toi oui” komsi an pasan. Mwen voye yo lis tout sam bezwen.. yo pa reponn. Nan vandredi mwen di yo anko sa map bezwen yo reponn mwen ke yo pap kapab paske yo pral nan lanme pou le long weekend lol a 3zeu du matin samedi stress anvayim lem reyalize vale bagay mwen gen poum fe… mwen voye yon email tres strik di yo ke si yo pap edem konnen ke mwen pral avili yo. Yo pe la presse maos yo pa fe krik pou evite yo avili yo. Se le sa yo reponn mwen ” what exactly do you need” tankou si menm li yo pa li email anvan mwen.mwen reekri tout bagay.. se le sa yo gentan dim yap voye chofe fe x y ou z (te gen chofe depi tout tan sa epi yo kitem ap bat kom) e ke oui.. blah e blah.. yo edem nan samedi. Mwen te di yo ke mwen pa konsidere ke mwen gen yon komite men yon group fanm san oganizasyon kap eseye rele tet yo on komite. Sa te vekse yonn nan yo an patikulye. Leu li finn fe 5 bagay pou mwen pou jounen an li relem poul liste sa li te fe pou mwen inklus lesiv mwen ke mwen pat gentan fe.. mwen remesye li li dim non se pa la penn.. li reliste sa li fe pou mwen anko tankou si poum te bat bravo ke li edem. Se mwen ki fe aranjman pou mwen ale ayewopo etc.. bref. Rive Bolivi menm yon eskew byen rive yo pa voye pou mwen. Apre 8 jou mwen voye yo yon email pou di yo ke se sou chans mwen pati san mwen pa peye bagaj paske yi edem ayiti.. men mwen pa kwe map gen menm chans sa anko soti bolivi.. mwen gen 3 malet ak yon carry on paske costume lan pran anpil plas… yo reponn mwen mandem infomasyon so tike a… mwn bay li. Yo dim ke maryse ap pase chachem ayewopo mwen di non mesi mwen gentan gen yon moun ki pran jounen an pousa ( kom te kwe yo tap fe menm jan a lem te ale a) mais yo pa dim krik pou malet yo. vendredi mwen voye yo on lot email pou di svo kob mwen gen sou mwem an pap kont svp fait le necessaire. Yo pa dim ni krik ni krak. Maten an kem finn kontan finalis etc… rive ayewopo.. booooom…men bill ou “$344.18” . Mwen fe manmanm rele ayiti pou mande sak pase …dame lan di ke ministere te fe le necessaire… le manmanm mande sa ki li necessaire.. li di li pa konnen e ke a leu sa yo paka fe anyen pou mwen. Donk… mwen pran sue nan yon fredi… stress montem e sim rate avyon an se yon lot tike pou peye e pa gen jan pou voye malet yo apre. Donk moblije mandye. Mande chak miss ki te avem yon kontribusyon apre mwen mete balans la sou yon kat san fon. mwen kriye telman mwrn vekse.. santim umilye. Donk mwen fe yo konnen ke mwen avek yo .. pagen bagay konsa paske se nan pis dezod yap metem. Si pou mwen suiv yon kontra se pou yo menm tou yo sui li e asume role yo. Kinpot si se pa yon travay peye.. yo deside rele tet yo komite miss Haiti e fok yo asume wol yo jan mwen menm masume wol mwen. Moblije mete sa piblikman paske yo gen dwa eseye retire kouronn la nan men mwen ak anpeche mwen ale nan konkou a londres lan. Men kil plev kil grel .. mon nom est Carolyn Desert,je suis et resterai Miss Haiti 2014,3eme finaliste de Miss RH et en route pour Londres. AYITI MWEN PAP LAGEW!!+

12 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top