Featured

Haiti: Bis chavire ak tout moun: 23 mouri, 37 blese, Sèlman Joceline Terolien ki chape san anyen pa rive l

Morne Tapion, Haiti – Bis chavire ak tout moun: 23 mouri, 37 blese, Sèlman Joceline Terolien ki chape. Nan Gwo kokenn chenn aksidan kote 23 moun mouri nan bis ki chavire a ak 37 lòt moun blese, gen yon gwo mirak ki fèt. Se pa fasil pou w tande pale de gwosè mirak sa yo nan nouvèl, sitou nan yon nouvèl ki si tris. Ebyen, men yon gwo mirak ki fèt nan aksidan bis ki chavire jounnen madi 9 Septanb 2014 la: Joceline Terolien se yonn nan moun ki te nan bis sa ki fè gwo aksidan, nan pami tout moun ki pèdi lavi yo oubyen ki blese grav, se sèl limenm ki pa frape, ki pa mouri, ke anyen pa rive l.
mevey
Jis paske li pa frape, li pa mouri, sa pa vle di ke li pap soufri oubyen pa pra l soufri, apre yon gwo evènman konsa, ap toujou gen anpil sezisman, ap gen de jou kote moman sa ap pase nan lide l, ap gen moman kote dlo ap koule nan je l, ap gen moman kote l’ap poze tèt li kesyon. Malgre sikonstans lan vrèman grav, ebyen se yon viktwa pou li, se yon moman a reflechi…
aksidan machinn 22
NOTE* pa bliye kenbe Joceline Terolien nan lapriyè…
aksidan machinn 1
aksidan machinn 3

15 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top