Featured

Jèn jwè Tennis Haitienne Victoria Duval gen kansè

TENNIS – Vicky Duval ki se yon Amerikèn ki gen 18 tan. Li fèt Miami, FL tou lè 2 paran li Haitien, fè konnen ke li gen kansè. Li viv an Haiti pou yon bon ti tan. Li te vin popilè kon sa apre li te bat Samantha Stosur ki se yon gro jwè Tennis lè te gen 17 tan nan yon match Tennis nan US OPEN ane pase. Papa Vicky te antere tou vivan pandan tranbleman tè 2010 lan. Lè li te gen 7 tan nan Port-au-Prince, vòlè te rale zam sou li kay matant li.

vicky duval

LI ATIK SA TOU: Neymar fin jwe pou Coupe du monde sa a li gen yon vetebre ki kase

Jodi Vandredi li fè konnen ke li gen kansè. Li di ” Se avèk anpil kè sere li ap oblije pran yon poz nan jwe tennis pou yon ti tan, apre li aprann ke li fè kansè ki rele “Hodgkin’s lymphoma”. li aprann ke li genyen’l apre li te fin kalifye nan premye tou Wimbledon nan e malgre sa li te deside kontinye jwe.

Li fè konnen ke ” Li gen lafwa ke Bondye ap ede li e ede fanmiy li tou, nan tout sa y’ap bezwen pou k’ap genyen viktwa sa, e pou li gen plis fòs nan kalamite sa a. Li pare pou li goumen byen di, pou li ka geri konplètman. Li imajine ke li vin plis an sante, epi li retounen jwe avèk plis apresiyasyon pou jwèt sa ke li si tèlman renmen ki se tennis. Davans mwen trè rekonesan a fanatik mwen yo, zanmi mwen yo, pou sipò yo ak panse pozitiv yo, pandan ke mwen pral chèche gerizon pou mwen k’ap genyen batay sa.”

Hodgkin se yon fòm de kansè ke anpil ti moun atrape. Nan sa yo di, yo dekouvri kansè a nan etap kòmansman. Vicky pral anba tretman trè rapid, e li ka geri nan kèk mwa.

Team ANMWE a swete Victoria Duval bòn chans ke Bondye beni li, ba li fòs ak kouraj, e ke li retounen an sante epi vi vil san kansè.

14 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top