Health

Gason pral ka fè planin men jan ak fi – Nou p'ap pale de prezèvatif (Male Birth Control)

Ou menm ki yon gason, ki ta vle pa ka fè pitit pou yon peryòd de tan, ebyen sèl sa w’ap bezwen se jis pran yon enjeksyon nan yon kote trè delika. Ou p’ap nan pran move nouvèl ke mennaj ou pa wè règ li. Pa gen moun ki pral di’w chwazi yonn nan 3 “M” sa yo, Maryaj, Maladi, Mouri

Pou plizyè deseni, anpil gason ap poze tèt yo kesyon eske, mennaj oubyen madanm yo te sonje pran medikaman pou anpeche yo ansent, men trè byento, responsablite a p’ap sèlman pou fi sèlman, gason tou ap ka pwoteje tèt yo tou kont ti moun yo pa te gen lide fè. NON se pa yon grenn gason an gen pou pran, men pito se yon JÈL, jis espere ke tès yo pral fè sou moun nan ale byen.

© Copyright 2010 CorbisCorporation

Se ki jan de medikaman sa ye ki pou anpeche gason ansent fi sa?

Li rele “Vasagel” li pa vrèman yon medikaman. Se yon jèl ki pa gen òmôn ladan, k’ap tanporèman bloke spèmatozoyid yo sikile nan nan penis gason an. Se yon vaksetomi ki senpleman pa gen koupe ladan. E pwosedi sa ka defèt. An’n di apre yon peryòd de tan ou ta vle fè yon ti moun, ou ka al retire jèl ki bloke tib lan, epi vwala, ou k’ap retounen peple latè.

Kòman sa fèt?

Y’ap enjekte jèl lan nan “canal déférent” ki gen pou elyas, kanal ki tranpòte spèm nan “les spermatozoïdes”. Pou plis esplikasyon, se tib ki relye testikil ak lirèt “Le tube qui relie les testicules à l’urètre.” Eske ou deja santi’w ta pran yon ti DOLO STOP, oubyen TYLENOL pou k’ap amelyore doulè an.

Genital Masculin

Genital Masculin

Ok, se kouman bagay sa pral fèt la menm?

Ebyen jèl la pral sèvi tankou yon mi pou anpeche spèmatozoyid yo naje pou al nan vajen fi an. Epi lè ou pare pou fè ti moun ak madanm ou, w’ap jis bezwen pran yon dezyèm enjeksyon ki pou debloke tib lan, spèmatoyid yo ap ka rekòmanse koule san pwoblèm. Si ou konpare sa ak vaksetomi tradisyonèl, kote kanal deferan koupe pou tout tan.

Sou tès yo fè sou animal, li parèt trè efektiv. Yo deja eseye li sou yon seri de mal babwen (Makak), e mal sa yo fè sex avèk 10 a 15 femèl makak, pa gen yonn menn ki te arive ansent, diran 6 mwa. Lòt tès yo te fè sou mal lapen prouve ke pwosedi an ka revèse.

Se ki lè moun ap ka trouve pwodwi sa sou mache an?

Y’ap kòmanse fè tès Vasagel sou moun kòmanse lòt ane. Men y’ap kòmanse fè tès lan an grand kantite nan ane 2016. Rechèchè yo espere an 2017 pou li pre pou tout moun ki vle fè li. Daprè sa yo di, pwodwi sa p’ap koute plis ke yon flat ekran televizyon, konpare sa ak 18 tan sipò ti moun (Child Suport) nan USA, wouyyyy delivrans pou gason. Men nou kounen kòman bagay yo ye, tout bagay gen pou wè ak lajan. Eske konpayi famasi yo ap pwodwi’l an grand kantite. Paske Vasagel lan gason an sèlman bezwen fè li yon sèl fwa, epi pou grenn nan fò medam yo pran li chak jou, alò li pap vrèman nan avantaj pougro konpayi famasi yo.

Se ki jan sa ka afekte vi’w?

Nan yon ti bout tan de 3 zan, kontwòl nesans pou gason ka evalab pou tout gason ki pa vle oubyen pki pa prè pou fè ti moun. Men sa pa vle di pou lage kò’w nan lari an ap fè sex san prezèvatif, jis paske ou konnen fi an pap ansent. Fò nou toujou panse ke maladi seksyèl yo ap tann ou fè yon erè konsa, paske yo bezwen yon kote pou y’al viv. Alò pwoteje tèt ou dwe an premye, paske SIDA pap dòmi.

3 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top